Kontakte Nou
Contact Us
Ou gen yon kesyon, yon ide, oubyen ou vle kolabore? Ranpli fòm nan epi voye yon imèl ba nou.
Sou Pwojè a
About the Project
Tit Pwojè a
Miragoâne Klere: Operasyon Solèy Lannwit
Zòn Entèvansyon
Komin Miragoâne (Depatman Nip)
Gwoup K ap Mennen l
MDDM
Mouvman Dyaspora pou Devlopman Miragoâne
Prezantasyon
Pwojè “Miragoâne Klere” se yon inisyativ jèn ki fèt epi ki grandi nan komin nan men k ap viv nan diaspora a, ki deside mete tèt yo ansanm pou atake pwoblèm fènwa (blackout) k ap ronge sekirite ak devlopman vil nou an. Miragoâne, antanke poto mitan nan trafik sid peyi a, merite yon ekleraj modèn ki pwoteje sitwayen yo epi ki ankouraje lavi lannwit.
Objektif Prensipal
Ranfòse sekirite piblik ak dinamize ekonomi lokal la pa mwayen enstalasyon lanp solè LED nan pwen estratejik yo: gran wout, devan lekòl, plas piblik, legliz, ak zòn komèsyal yo.
Estrateji
Nou pa sèlman ap pote lanp, n ap bati yon sistèm dirab. Pwojè a baze sou:
- 1Acha materyèl solè kalite siperyè (All-in-One).
- 2Patenarya ak komite katye pou siveyans materyèl yo.
- 3Yon plan antretyen regilye pou asire limyè a pa janm mouri.
Vizyon
Sa se premye etap nan yon vizyon pi laj pou transfòme Miragoâne ak Depatman Nip la. Nou vle fè vil nou an tounen yon modèl kote teknoloji ak inite jèn yo rive bat fènwa nèt ale.